Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Ayisyen Reklame Jistis pou Vyòl Li di  li Sibi Anba men 2 Chimè Lavalas. - 2004-05-02


Yon jèn fi ki tap travay kòm repòtè pou Radyo Televizyon Metwopòl Sid, RTMS, mande nouvo otorite ayisyen yo arete e jije 2 eleman li idantifye kòm chimè Lavalas ki te anlve l' epi "sèvi e aji" avè l'. Viktim nan ki, nan yon premye tan pat revele mesye yo te vyole li, di li deside avwe fòfè a an piblik apre moun li te konfye koze a "mete l' nan lari". Li ajoute aksyon sa a tèlman anbarase l' ke l' santi li pa gen plas li nan sosyete a. Pou l' lave onè l', jwenn diyite l' e pou l' ka mache latèt wot devan lasosyete, li reklame "jistis" e l' mande Asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) ak òganizasyon dwazimen yo pran dosye an men. Li ajoute fò k' afè enpinite a sispann nan peyi dAyiti.

Yon repòtaj Renan Toussaint depi vil Les Cayes.

Klike sou lyen anlè a pou n' koute repòtaj Toussaint an.

XS
SM
MD
LG