Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Apwouve Vandredi Deplwaman 6 mil 700 Kask Ble Ann  Ayiti. - 2004-05-01


Konsèy Sekirite Nasyonzini an apwouve vandredi yon rezolisyon pou voye yon misyon etabilization l'Onu (MINUSTAH) ann Ayiti. Travay Misyon an se mete sekirite ak stabilite nan prepiblik karayibeyen an apre fòs miltinasyonal ki sou teren an kounye a va kite peyi a premye Jen kap vini an.

Pou ede reyalize objektif sa a, Konsèy Sekirite a otorize kreasyon yon fòs 8.300 manm. Nan efektif sa a genyen 6.700 sòlda plis 1.600 polisye ak espesyalis dwazimen ki prale pou 6 mwa ann Ayiti, men li posib pou Konsèy Sekirite a pwolonje prezans "Kask Ble l' yo" ak lòt pèsonèl lap voye la ba a. Sekretè jeneral l'Onu an, Kofi Annan, te reklame yon misyon 2 zan, men Etazini ak kèk lòt manm Konsèy la di yo prefere yon misyon pi kout pou yo kapab evalye pwogrè ki fèt e detèmine konbyen kòb nouvo misyon an pral koute kominote entènasyonal la. Men msye Annan dakò ke l' nesesè pou Nasyonzini gen yon angajman manch long nan peyi dAyiti; e l' pwomèt pou l' renouvle manda MINUSTAH a.

Fòs miltinasyonal ki aktyèlman Ayiti a te rive Pòtoprens nan finisman mwa fevriye 2004 la apre yon rebelyon vyolan te fòse ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide bay demisyon li e pran chimen ekzil.

XS
SM
MD
LG