Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Edisyon Madi 27 Avril 2004 la. - 2004-04-29


Anfen, sezon prentan an rive nan emisfè nò a ! e kwè m' si n' vle li te lè, li te tan. Apre twa (3) mwa fredi manch long (gen moun ki ta di 6), sezon flè, lapli ak solèy la rive. E nou di "mèsi"... Talè konsa, se mwa me a kap antre sou nou; epi jen, epi grann vakans ete yo. Menm jan yo fè l' sou plant ak pye bwa, sezon yo ekzèse anpil enfliyans sou nou. Yo afekte konpòtman ak etadam nou. Nan sezon fredi moun kapab kagou, tris, anchimè ou akaryat. E nan prentan, sèten lòt santi yo kontan, ere e yo anvi viv. Konsa tou, gen lòt ki trè mizerab akòz pwoblèm alèji kap trakase yo. Ann Ayiti nou pa tèlman reayalize chanjman sezon yo paske peyi a chita nan yon zòn twopikal. Men, sa pa anpeche nou rankontre sèten ekspresyon nan lang kreyòl la ki makonnen ak sezon-yo. Grann mwen te toujou di di:

Klike sou lyen anlè a pou ou koute tout vèsyon anrejistre a sou Real Audio.

XS
SM
MD
LG