Accessibility links

Breaking News

128 Refijye Ayisyen Fèk Debake nan Jamayik - 2004-04-27


Otorite jamayiken yo ap debouye yo kou Mèt Jan-Jak pou yo jwenn lojman ak asistans pou 128 Ayisyen ki debake sou kot Ès zile a yè lendi a. Korespondan nou nan Kingston, Gillian Haughton, di Ayisyen yo te rive nan 4 ti bato po-pistach. Ak 128 ki rive yè a, kounye a Jamayik deja resevwa 431 Ayisyen depi rebelyon ki te dechouke Prezidan Aristide la.

Minis Afè Etranjè K. D. Knight, anonse li pral chache plis asistans nan men Wo-Komisarya L’ONU pou Refijye yo, pou ede boat-people ayisyen yo. Malgre presyon fenomèn sa a kreye sou gouvènman Patterson nan, minis la di Jamayik pap fèmen pòt li sou Ayisyen kap chache azil lakay li.

XS
SM
MD
LG