Militè demobilize yo abandone brid-sou-kou pozisyon yo te okipe nan plizyè zòn nan Plato Santral la. Korespondan nou Jean Christophe Collègue di nou yo aji konsa kèk jou apre yon gwoup ansyen manm lame d Ayiti te mande gouvènman an peye yo 10 zan ayerye salè api apre arestasyon omwen 6 ansyen sòlda. Absans militè yo kite yon vid nan plizyè vil kote te deja pat gen okenn polis. Pa gen pèsonn pou bay sekirite nan zòn sa yo. Koute repòtaj la pou plis detay.