Accessibility links

Breaking News

Lidè Rebèl Louis Jodel Chamblain rann Tèt li Kòm Prevni  bay Otorite Ayisyen yo. - 2004-04-22


Louis Jodel Chamblain, yon ansyen sèjan Lame dAyiti, te nimewo 2 paramilitè gwoup FRAPH--Fwon Revolisyonè Pou Avansman Ak Pwogrè Ayiti--Emmanuel Constant (alyas, Toto) te fonde an 1993 la. Msye fè pati tou ekip ansyen militè ki te deklanche 5 fevriye 2004 la rebelyon ame ki debouche sou ranvèsman pouvwa Lavalas la ak depar ann' ekzil prezidan Jean-Bertrand Aristide 29 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG