Gouvènman pwovizwa ayisyen an revoke apeprè 150 polisye nan fòs polis nasyonal la. Pami polisye revoke yo, genyen ansyen espektè an chèf Evans St-Uné, ansyen direktè administrativ polis la, Roudy Berthomieux, èks-direktè polis Depatman Lwès la, Lucien Chavannes, elatriye. Yon lòt kote, palmantè ameriken William Nelson, ki tap vizite Ayiti nan koumansman semèn nan, anonse li pral prezante yon pwojè lwa devan Kongrè ameriken an ki pral ede kreye travay nan repiblik karayibeyen an. Rotchild François Junior ap devlope pwen sa yo nan yon korespondans depi Pòtoprens.