Accessibility links

Breaking News

Plis Refijye Ayisyen ap Debake nan Jamayik - 2004-04-13


Nouvèl ki soti Kingston fè konnen 51 lòt boat-people Ayisyen rive nan Jamayik jou dimanch Pak-la, sa ki vin ogmante kantite Ayisyen kap pran direksyon zile a san rete depi dechoukaj rejim Aristide la. Korespondan nou nan Jamayik, Gillian Haughton di nou, avèk arive gwoup Ayisyen sa yo nan Port Antonio, sou kot Ès Jamayik, sa fè antou 361 ki fè vwayaj danjere sa a.

Yon lòt kote, ex-Prezidan Aristide fè premye parèt li an piblik depi li te rive nan Jamayik nan dat 15 mas pase a. Msye Aristide ak madanm ni Mildred te asiste mès Pak la nan Legliz Fatima, toupre kote li fè ladesant la. Timoun ni yo pat prezan. Te gen anpil sekirite, men ansyen lidè Ayisyen an te bay kèk moun nan asistans la lanmen anvan li te kite legliz la. Li pa fè pyès deklarasyon.

XS
SM
MD
LG