Ann Ayiti, nouvo gouvènman pwovizwa a anonse yon lòt fwa ankò ke tout eleksyon ap dewoule nan peyi a an 2005. Desizyon an soti apre yon akò ant egzekitif la, sosyete sivil la ak klas politik la .Korespondan nou nan Pòtoprens Rochild François Junior di nou, selon akò sa a, nouvo Prezidan Ayisyen an pral prete sèman 7 Fevriye 2006.