Fòs ameriken yo nan Irak fè konnen 7 sòlda mouri e plis pase yon douzèn lòt blese nan lese-frape ak milisyen mizilman chiyit yo nan vil Baghdad, kapital Irak. Nan yon deklarasyon Lame ameriken an pibliye, li di sòlda yo tap kwape milisyen kap apiye lidè mizilman chiyit radikal-la, Moqtada al-Sadr. Deklarasyon an ajoute milisyen yo tap eseye pran kontwòl biwo piblik nan vil Sadr--yon katye nan Bagdad kote majorite rezidan yo se chiyit. Nouvèl sa a tonbe kèk èd'tan apre omwens 20 irakiyen ak 2 sòlda koalisyon an te rankontre ak lanmô yo pa lwen Najaf, yon vil sent nan rejyon sid Irak.
Manifestan yo tap reklame liberasyon prensipal konseye lidè mizilman radikal la, Mustafa al-Yacoubi, ke otorite yo te arete samdi poutèt li ta gen pou wè ak asasinay yon lòt relijye chiyit ki te pèdi lavi li ane pase. Anpil pami manifestan yo tap pwoteste tou kont desizyon otorite ameriken yo pran pou fèmen tanporèman yon jounal Moqtada al Sadr ap dirije e ki, dapre dirijan kolisyon an, tap "ankouraje e pouse moun komèt zak vyolans".
Administratè ameriken koalisyon an, Paul Bremer, deklare "yo pa gen pwoblèm ak libète ekspresyon nan Irak, men ekzèsis sa a dwe fèt yon fason pasifik. "Maten an, yon gwoup moun nan Najaf franchi liy la e yo tonbe fè vyolans. Nou pa pral tolere konpòtman sa a."
Lidè relijye kurd Massoud Barzani (kap asire kounye a prezidans a tou de wòl Konsèy Gouvènman kap jere Irak la) kondane tou vyolans lan. Li di "irakyen yo ta dwe eksprime yo atravè mwayen demokratik e pasifik".
Dapre yon kominike ki sòti nan biwo Al-Sadr, lidè chiyit enfliyan an, (ke moun konnen pou kritik piman-bouk li abitye lanse kont koalisyon Etazini ap dirije a) mande patizan l' yo sispann manifeste epi "teworize lennmi nou an".
Yon lòt kote, nan vil Amara (rejyon sidès Irak) twoup britanik yo antre nan lese-frape ak patizan al-Sadr yo. Nouvèl la pa rapòte viktim.
Nan nò Irak (nan vil Kirkuk) yon kamikaz sote tèt li ak tout yon machinn tou pre yon maniferstasyon sunit. Omwens 2 sòlda ameriken ak 5 irakyen blese nan eksplozyon an.
Msye Bremer anonse tou nominasyon yon nouvo minis defans ak yon nouvo chèf sèvis ransèyman pou Irak. Li di nouvo ministè defans ak sèvis ransèyman an pral jwe yon wèl enpòtan nan sekirite Irak.
Nouvo minis defan lan rele Ali Allawi--yon espesyalis rejyon Pwòch Oryan an ki te resevwa fòmasyon l' Ozetazini ak nan Grann Bretay. Msye Allawi tou se yon opozan depi lontan Pati Baas Saddam Hussein nan. Nouvo chèf sèvis nasyonal ransèyman irakyen an, se Mohammed al-Shehwani.
Antretan, yon ekip Nasyonzini ki genyen alatèt li, anvwaye espesyal Lakhdar Brahimi, rive nan Irak pou l' al fè chita-koze ak dirijan yo sou avni politik peyi yo.