Accessibility links

Breaking News

Etazini Pat Wè Mal Koudeta  1964  Kont Prezidan Joa Goulart la Nan Brezil - 2004-04-04


Yon Gwoup rechèch ki gen katye jeneral li nan Washington pibliye yon seri dokiman ki montre ansyen prezidan Lydon B. Johnson te pre pou'l apiye poutchis ki te jete prezidan Joa Goulart nan koudeta militè 1964 la nan Brezil.

Achiv Endepandan Sou Sekirite Nasyonal Inivèsite George Washington nan pibliye dokiman yo--ki pa gen so sekrè sou yo ankò--mèkredi nan okazyon karantyèm (40yèm) anivèsè panzou a.

Gwoup rechèch la di youn nan dokiman yo montre prezidan Johnson te pase konseye li yo enstriksyon pou, nap site, pran" tout aksyon nou kapab, e pare pou'n fè tout sa nou ta nan obligason pou'n fè".

Gwoup la fè konnen pami dokiman yo gen telegram anbasadè ameriken nan Brezil nan epòk la, Lincoln Gordon, te voye pou ekzòte Washington enplike l' dirèkteman bò klote konplotè yo ki te gen alatèt yo, kèmandan an chèf lame brezilyen an, jeneral Humberto Castello Branco.

Telegram anbasadè ameriken an te reklame tou, nap site, "yon livrezon klandesten zam" pou militè rebèl ki tap prepare koudeta a.

Pami Dokiman deklasifye yo, gen tep avèk vwa prezidan Lyndon Johnson kap pale avèk konseye sekirite nasyonal li yo sou sitiasyon an nan Brezil. Nan youn nan odyo-tep yo, prezidan Johnson bay sou sekretè dEta nan peryòd sa a, George Ball, otorizasyon pou l' apiye yon fason aktif kou a si panzouis yo ta bezwen konkou Etazini.

Men gwoup rechèch la di apui militè Etaini pou kou a te vinn pat nesesè paske militè poutchis yo te reyisi ranvèse prezidan Goulart pi vit e avèk mwens rezistans ame (ke) desidè politik ak estratèj ameriken yo te imajine l'.

Achiv yo endike Etazini te wè msye Goulart kèm yon gochis ki te asosye etwatman ak Pati Kominis brezilyen an.

(Sous pou Atik sa a se Associated Press ak VOA NEWS Web Page "Americas")

XS
SM
MD
LG