Jounal The Washington Post anonse Brezil refize kite enspektè zam Nasyonzini ekzaminen kèk seksyon nan enstalasyon pou anrichi iranyòm lap bati tou pre ansyen kapital brezilyen an, Rio De Janeiro.
Jounal la site plizyè diplomat ki di enspektè Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA/AIEA) jwenn kèk pòsyon enpòtan nan konstriksyon an "sele" pandan vizit yo te fè, pa gen twò lontan, nan peyi sidameriken an. Toujou dapre The Washington Post, yon seri miray tou nèf bare seksyon sa yo e yon pati nan ekipman yo te kouvri. Jounal la site yon diplomat ki di Brezil ap eseye pwoteje .The Washington Post di Brazilia sètifye santral lap bati nan Resende a konfòm ak trete entènasyonal ki pèmèt pwogram nikleyè pou itilizasyon pasifik yo, men AEEA vle asire l' Brezil pap pwodui materyo ki kapab antre nan fabrikasyon zam nikleyè.
Ansyen minis syans ak teknoloji brezilyen Roberto Amaral te nan yon chire-pit ak Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la apre li te anonse ane pase Brezil gen pwojè anrichi iranyòm pou l' itilize kòm kabiran nan santral nikleyè li yo.
Ajans lan te vle pou Brezil siyen yon akò ki pèmèt enspeksyon sanzatann nan enstalasyon nikley li, men msye Amaral te reponn "Brasilia deja otorize kalte enspeksyon sa yo". Msye Amaral te bay demisyon li nan mwa Janvye 2004 la.
Brezil se 6 zyèm pi gwo pwodiktè iranyòm nan lemond, men se aletranje li voye "anrichi" materyo sa a pou l' ka itlize l' nan enstalasyon nikleyè li.