Accessibility links

Breaking News

Chèf Diplomasi Etazini an, Colin Powell, Gen Pwojè Vizite Ayiti Semèn Kap Vini an. - 2004-04-02


Vizit Sekretè dEta Powell la, se premye vizit yon gwo responsab ameriken nan nasyon karayibeyen an depi soulèvman ame ki te fòse prezidan Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a.

Yon pòtpawòl Depatman dEta anonse vwayaj msye Powell la vendredi 2 avril la pandan chèf diplomasi Etazini an ap fè yon vizit nan vil Bruxelles (Belgique) kote lap patisipe nan yon reunyon Òganizasyon Trete Atlantik Nò-a, L'Otan.

Msye Aristide, kap viv nan Jamayik, pa sispann deklare Etazini ak Lafrans te fòse l' kite pouvwa a. Li angaje mèkredi 31 mas la yon pwosedi jidisyè nan vil Paris kont gouvènman franse a, men tou 2 nasyon yo demanti akizasyon ansyen dirijan ayisyen an.

Jean-Bertrand Aristide te bay demisyon li kòm prezidan Ayiti 29 fevriye e pati ann ekzil apre yon soulèvman ame ki te dire apeprè 3 semèn.

XS
SM
MD
LG