Accessibility links

Breaking News

Avoka Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide Depoze yon Plent Devan Lajistis nan Vil Paris  kont  Lafrans - 2004-04-01


Avoka prezidan dechi Ayiti a deklanche yon aksyon devan lajistis nan vil Paris kont otorite franse yo li akize ki te fòse l' kite pouvwa a mwa pase. Mèt Gilbert Collard, ki reprezante Jean-Bertrand Aristide, di nan plent sa a ansyen dirijan ayisyen an pote plent pou menas, menas lanmô, anlèvman ak sekestrasyon li di l' te viktim anvan l' te oblije bay demisyon l' e pati ann ekzil.

Ajans France Presse, AFP, presize plent la --yon plent kont X-- pa site dirèkteman non yon akize, men li lonje dwèt sou anbasadè fransè a ann Ayiti, Thierry Burkard, ak kèk lòt pèsnalite fransè.

Dapre sa avoka msye Aristide yo deklare, ya’p prepare yon aksyon menm jan an devan lajistis Ozetazini kont kèk gwo responsab ameriken.

XS
SM
MD
LG