Accessibility links

Breaking News

Diferans ant Fi ak Gason nan Domèn Enfòmatik, 3è pati - 2004-03-31


Lafwa pase, nou te ekspore dezekilib ki egziste ant fi ak gason nan domèn enfòmatik. Jodi a, nou pral wè ki efò sèten sektè ap deplwaye pou konbe vid sa a, pou repare inegalite sa a. Yon kesyon nap eseye reponn dabò se ki meyè fason pou yo atire fi nan klas enfòmatik? Allison Druin anseye nan Univèsite Maryland. Li ofri yon solisyon. Kou lap anseye a konsidere fason pou yo konsevwa pi bon teknoloji pou edikasyon timoun. Paske fi enterese anpil nan sa ki konsène timoun (ensten matènèl ki kay prèske tout fanm) sa lakòz anpil frekante kou a. Yon lòt pwopozisyon, e nou te touche l' lafwa pase, se fè teknoloji a sèvi pou rezoud pwoblèm reyèl nan lavi pratik medam yo

XS
SM
MD
LG