Accessibility links

Breaking News

Ayiti ka  Bezwen 18 mwa  Pou l’ òganize Eleksyon  Pou  Ranplase  Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide. - 2004-03-31


Delege Nasyonzini pou Ayiti a, Reginald Dumas, deklare peyi a ka bezwen jiska 18 mwa anvan li kapab fè eleksyon pou ranplase prezidan Jean-Bertrand Aristide. Anbasadè Dumas bay opinyon sa a apre yon seri chita-tande li te fè ak divès sektè ann Ayiti. Selon msye Dumas, sa moun ka fè, avèk konkou pèp ayisyen an, se eseye travay pou mete Ayiti sou chimen nòmalite e sa pral pran tan. Anpil tan.

Nan yon kont-randi devan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, Delege espesyal Dumas di se petèt jouk nan fen ane kap vini an eleksyon pou pèp la chwazi nouvo gouvènman an va kapab dewoule.

Yon lòt kote, msye Dumas fè konnen espesyalis nan domèn legal yo vrèmanvre rejte ekzijans dirijan karayibeyen yo k'ap reklame pou ONU louvri yon ankèt sou akizasyon ansyen prezidan Aristide lanse pou di se Etazini ki te fòse l' remèt pouvwa a. Li ajoute kesyon an, se plis yon kesyon politik ke yon kesyon dwa.

Klike sou lyen ki nan tèt atik sa a pou w' ka tande repòtaj konplè sou deklarasyon prensipal delege Nasyonzini pou dosye Ayiti a.

XS
SM
MD
LG