Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Espere Dirijan Karayibeyen yo Pral Voye Pèsonèl Sekirite nan Peyi Ayiti. - 2004-03-30


Pòtpawòl Depatman an, Richard Boucher, di fòs Etazini ap kòmande nan republik ayisyen an, ap akeyi ak satisfaksyon tout konkou li kapab jwenn pou ede remete lòd apre rebelyon ame ki debouche sou demisyon ak depar ann'ekzil prezidan Jean-Bertrand Aristide 29 fevriye pase a. M'sye Boucher di kèk nan dirijan Kominote 15 Peyi Karayib yo, CARICOM, ap diskiste sou pwojè pou yo ta voye ofisye polis ann' Ayiti. Fòs mentyen lapè Lèzetazini ap dirije kounye a genyen ladan sòlda Kanada, Chili, Brezil ak sòlda Lafrans.

Yon lòt kote, m'sye Boucher pa bay desizyon CARICOM pran semèn pase pou'l pa rekonèt gouvènman ayisyen an twòp enpòtans;li di dirijan karayibeyen yo pral rekonsidere desizyon an nan somè mwa jiyè a. Nan fen somè 25/26 mas la, peyi Caricom yo te tonbe dakò pou yo pa pran okenn mezi ki pral lejitime sa yo rele "fòs rebèl yo" nan peyi dAyiti.

Lidè Karayibeyen yo te lanse apèl tou pou mande Nasyon Zini louvri yon ankèt sou depar prezidan dechi a, Jean-Bertrand Aristide, ki akize fòs ameriken yo te kidnape'l pandan yon bon ti moman.

XS
SM
MD
LG