Accessibility links

Breaking News

Ekspè Nan Domèn Sante a Kwè  yo  Kapab Kontwole Pwopagasyon Viris VIH ak Maladi SIDA Nan Amerik Latin ak Karayib la. - 2004-03-30


Espesyalis maladi Sida kap patisipe semen sa a nan yon senpozyòm nan vil Miami, Eta Florid, di yo gen espwa ke yo ka kontwole ekstansyon epidemi Sida a nan Amerik Latin ak nan Karayib la. Dapre ekspè yo, kle pou mete kontwòl sou maladi a e anpeche viris VIH la (ki deklanche Sida a) simaye, se trete maladi a tankou yon pwoblèm sosyal e yon urjans medical alafwa. VIH ak Sida se yon pwoblèm sante grav nan Amerik Latin ak nan Karayib la. Selon estimasyon yo, ane pase a, 200 mil moun nan rejyon an te enfekte ak viris VIH la. E gen apeprè 2 milyon moun kap viv swa ak viris la swa ak maladi a. To enfeksyon VIH la pi wo nan Karayib la pase nan Amerik Latin nan. E peyi ki genyen pi gwo to enfeksyon an se Ayiti. Ane pase, yo estime Sida touye apeprè 30.000 moun nan peyi dAyiti. Men malgre estatistik sonb sa yo, genyen kèk nouvèl ankourajan, e pi bon nouvèl se nan peyi Ayiti li sòti. Doktè Paul Farmer se yon espesyalis Sida rekoni nan lemond antye. E se li kap dirije depi 20 tan ann’Ayiti yon pwogram (ki adopte yon apwòch tou nèf) pou kontwole virus VIH la ak maladi Sida a. Li di efò ki sou pye nan peyi dAyiti pou kontwole ekstansyon Sida a koumanse ap bay rezilta pozitif. Li deklare « bon nouvèl la se:efò nap deplwaye depi 2 douzèn lane yo pote fwi ». Ou ka wè, lè ou gade bès nan kantite moun sewopozitif yo, ke to enfeksyon nan popilasyon an bese. Nou sèten to enfeksyon an, globalman bese de mwatye…e se yon trè bon nouvèl. Se pa pa aksidan, men se fwi yon pakèt ane travay di.» Doktè Farmer ajoute efò pou edike popilasyon an genyen yon konsekans ekstraòdinè nan peyi Dayiti, kote 90 pou san moun kap viv nan vil yo ak 70 pou san sila kap viv nan zòn riral yo ki konnen kouman viris VIH la simaye. Kòlèg kap travay ak doktè Farmer nan Pwogram Sante a ap dirije klinik ak sant sante nan rejyon riral Ayiti yo, kote yo fòme abitan kòm oksilyè lasante. Yo peye oksilyè lasante yo yon salè 40 dola pa mwa pou yo suiv e bay vwazen yo swen. Dr.Farmer--youn nan premye esesyalis ki anfavè lide pou bay moun pòv atravè lemond medikaman antiretroviral--ki koute tèt nèg--ap negosye avèk konapyi famasetik yo pou wè si yo ta founi malad ki enfekte ak viris VIH la medikaman sa yo pou sèlman 300 dola pa ane. Anpil peyi nan rejyon an, koumanse ap suiv fason doktè Farmer trete VIH ak Sida a, sètadi : kòm yon pwoblèm sosyal e yon urjans medikal alafwa. Ekzanp pi enteresan an, se Brezil, kote menm metòd sa a pèmèt to mòtalite Sida a desann 50 pou san, sa ki mete kantite viktim yo nan 90 mil mò pa ane. Dr. Fernando Zacarias, kap dirije pwogram VIH/SIDA Oganizasyon Panameriken Lasante a, di pwogram edikasyon piblik yo efikas—espesyalman nan aprann mesye yo sèvi ak kapòt. Li fè konnen kantite gason ki mete kapòt sòt nan 4 pou san pou’l rive nan 50 pou san pandan ane ki sòt pase yo. Li ajoute trete VIH ak Sida kòm yon pwoblèm sosyal ka ede bese to enfeksyon nan mitan popilasyon yo. «Moun anfen fèt pou reyalize ke maladi sa a se pa yon pwoblèm medical. Se yon Pwoblèm sosyal ki ekzije entè-aksyon, tèt-ansanm ak alyans ant dives sektè. Moun dwe angaje yo. Sou plan teknik, se doktè Zacarias kap pale, nou reyalize nou dwe marye prevansyon ak swen. Nou pa kapab konsantre’n sèlman sou yon grenn estrateji. Mwen panse suksè a chita nan yon apwòch global pwoblèm nan.» Doktè Zacarias di li-menm avèk kòlèg li kap travay sou VIH ak Sida nan rejyon an genyen yon “optimisme prudent” ki fè yo kwè espesyalis la sante yo kapab mete pandemi Sida a sou kontwòl. Li ajoute, malgre globalman to enfeksyon ak VIH la kontinye ogmante nan rejyon an, to a pa ogmante avèk rapidite yo te prevwa li ta pral ogmante gen 2 ou 3 zan de sa a. Rezon an, dapre li, se paske yo envesti plis resous nan domèn edikasyon ak nan pwogram sosyal yo nan Amerik Latin ak Karayib la--pwogram ki gen pou objektif ralanti kouss ak pwopagasyon maladi mòtèl la.

XS
SM
MD
LG