Nan peyi d’Ayiti, nouvo gouvènman pwovizwa a prezante yon tablo katastwofik sou eta finans peyi a, kote pa gen kòb ditou nan administrasyon piblik la. Dapre responsab ayisyen yo, rejim Lavalas la kite yon defisi anviwon 4 milya goud. Korespondan nou Rotchild François Junior gen detay depi Pòtoprens.