Nan kad seri Jean Robert Philippe prepare pou ede nou pi byen konnen pèsonaj ki sou sèn politik la ann Ayiti e ki domine aktyalite a nan epòk dechoukaj Aristide la, jodi a l'ap prezante pwofil Mèt Lamartine Clermont, yon pwofesè inivèsite e avoka, ki reprezante Legliz Katolik nan Konsèy Saj yo, kidonk gwoup 7 sitwayen ki la pou suiv aktivite pouvwa egzekitif la annatandan eleksyon yon palman.