Nan vil Gonayiv nèg ame yo kòmanse remèt zam ilegal yo te posede. Se yon dezameman senbolik ki ta dwe mennen nan yon dezameman konplè nan katriyèm vil Ayiti a. Manm Fwon an te poze jès sa a, kote yo bay fizi M-1, M-14 elatriye, pandan yon vizit Premye Minis Gérard Latortue. Korespondan nou Duc Jonathan Joseph di nou nouvo chèf polis la te asiste Premye Minis la pou resevwa yon pati nan zam sa yo.