Anne Marie Issa se yon responsab media nan Pòtoprens. Li se yon manm sektè prive a nan Konsèy Saj yo, kidonk gwoup 7 manm ki la pou tcheke aktivite pouvwa egzekitif la, annatandan gen eleksyon pou yon Palman nan peyi a. Jodi a, n'ap fè yon kout je an brèf sou lavi ak karyè madam Issa.