Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: Ayiti Toma Ak  kèk nan Pwovèb li yo. - 2004-03-16


Tout etranje konnen Peyi Dayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal ou ankò kòm peyi ki pi pòv sou planèt la. Se plizoumwen sèl definisyon yo genyen pou Ayiti. Men pou nou menm Ayisyen, Ayiti genyen yon lòt defisyon; Ayiti vle di tè wo, tè mòn; E se petèt pou sa nou di dèyè mòn genyen mòn. Pou nou menm ayisyen, Ayiti se manman Libètè. Pou nou, Ayiti se Ayiti cheri, se Ayiti Toma. Moun ki pa konnen orijinn mo Toma-a di Ayiti se sèl peyi ki genyen siyati. Ayisyen ase sou van di "mwen nwa, mwen nèg dAyiti, mwen nèg Ayiti Toma. Toma, yon non ki travèse plizyè syèk e ki rete plante nan memwwa kolektif pèp ayisyen an. Yon non ki di petèt orijinn majorite ayisyen yo. Yon non ki remonte tou dwat nan peyi Ginee e ki gen pwolonjman’l tou jouk nan peyi Liberia, sou kòt wèst kontinan afriken-an. Se nan 2 peyi sa yo nou jwenn Tribu pèp Toma a(Loma pou Liberia). Yon pèp atis, yon pèp maton nan fè mask ak skilti. Sa eksplike pouki lari vil Pòtoprens avèk tout tap-tap li yo, se yon veritab galri d'art. Sa ede konprann pouki André Malraux di aysyen yo se yon pèp d’artistes, lè li wè Sen-Soley Ayiti Toma, se manman Libète. . Men pou nou menm ayisyen, Ayiti Toma, se dèyè mòn gen mòn. Se yon kote zanmi mwen yo, lè ou konprann ou se pi gwo towo ki ekziste, ou bare ak zòt ki pi towo pase ou. Ayisyen di, pa bat kò ou ti papa, wa’p jwenn mezi pye ou... Yo genyen yon lòt jan yo di sa ankò, yo di: matlas te di plis pase sa, epi li kite payass monte’l. Ayiti Toma, se avan tou e sitou, tè glise. Depi ou pa pran men ou, anvan chat pran tiwèl li, men ou sou dèyè ! Avan ou bat je ou, men ou tonbe ! Men se nan peyi sa a tou pèp la nan sajès li di, pito dlo a tonbe, kalbas la rete ! Pa mande’m ki sa’k kalbas la ! E nan sajès sa a toujou ayisyen di “kalbas gran dyòl pa kenbe dlo e kay koule ka twonpe solèy, men li pa ka twonpe lapli”. Lapli, se pèp ayisyen an ki genyen yon dikton ak yon pwovèb pou rezime preske tout sitiasyon. Nan refleksyon yo jounen jodi a, fòk pwovèb sa a pase nan lespri yo “ ti kribich ki vle grandi, rete nan twou wòch li e si’n vle pouse refleksyon nou ka di “twòp banda, fè krab pèdi twou li”. Pou tout moun ki wè yon resanblans segman sa a ak yon sitiasyon kèlkonk, map di yo se yon koensidans, yon aza... ban-nal. Kanta pou mwen, e antanke bon ayisyen natif-natal, se la map rete:paske mwen se “krab, tou’m pa fon, e’m pa zandolit (non plis) ki vle mete kanson mabouya ! Se te Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann, yon segman Lavwadlamerik, avèk Jacques Jean-Baptiste.

XS
SM
MD
LG