Accessibility links

Breaking News

Ki Moun Gérard Latortue Ye? - 2004-03-16


Nan kad seri pwofil Jean Robert Philippe prepare sou pèsonalite ki domine sèn politik la nan peyi d Ayiti, jodi a li pral ede nou dekouvri, ou re-dekouvri, nouvo Chèf Gouvènman an, Premye-Minis Gérard Latortue.

Msye Latortue te deja pase nan vi politik ayisyèn nan. Vrèman vre, an 1988 li te chèf diplomasi sou gouvènman Prezidan Leslie F. Mnaigat a, yon gouvènman anpil obsèvatè admèt ki te trè byen derape e ki te bay bon jan espwa, malgre li te soti nan yon eleksyon lame te mete sou pye nan kondisyon ki pat' jwenn apui tout sektè nan vi nasyonal la.

Gérard Latortue gen esperyans entènasyonal an tan ke ansyen responsab nan ONUDI, òganizasyon L'ONU pou devlòpman endistriyèl. Li deklare li retounen nan peyi li pou li travay pou byen tout moun, san okenn patipri. Priyorite li se bay sekirite, ankouraje rekonsilyasyon nasyonal apre dechoukaj rejim Lavalas la, epi mete Ayiti sou chimen eleksyon demokratik tout bon.

XS
SM
MD
LG