Accessibility links

Breaking News

Ann’ Espay Sosyalis yo Dechouke Pati Popilè Premye Minis Jose Maria Aznar la Sou Pouvwa a. - 2004-03-15


Elektè espayòl yo--ki t’al vote dimanch apre pi move atak teworis ki fèt nan istwa peyi a--rejte Pati premye minis sòtan an, Jose Maria Aznar, ke yo rann responsab (akòz apui djanm li te bay Etazini nan lagè Irak la) eksplozyon ki pran lavi 200 konpatriyòt yo e blese plis pase mil 500 lòt nan koumansman fen semèn pase a. Nan katye jeneral Pati Sosyalis Ouvriye Espayòl la se nan gwo koudjay sosyalis yo fete tout nan nuit dimanch pou louvri lendi 15 mas la kokenn viktwa yo ranpòte sou Pati Popilè msye Aznar la. Avèk kal sanzatann sa a, elektè espayòl yo deside remèt pouvwa a bay Opozisyon Sosyalis la ki gen pou lidè, José Luis Rodriguez Zapatero. Msye Zapatero te pwomèt si l’ eli lap retire san pèdi tan mil 300 sòlda Espay te voye nan Koalisyon Etazini ap dirije nan Irak la, amwenske Nasyonzini apwouve prezans yo la ba a. Apre yo finn konte pi fò bilten yo, sosyalis yo ranpòte 43 pou san vwa yo. Chif sa a ap ba yo 164 syèj nan Palman kont 148 pou Pati Populè a. Men viktwa sa a pa bay Pati Ouvriye Espayòl la majorite absoli nan Asanble lejislatif la. Sa vle di, li pral oblije fòme yon gouvènman koalisyon avèk lòt ti pati politik rejyonal yo. Apre yon minut silans nan memwa viktim atak teworis jedi pase a, msye Zapatero te pran lapawòl yon ti moman pou’l remèsye elektè yo. Lidè sosyalis la pwomèt li pral fè yon "chanjman trankil" ann’ Espay--chanjman li di ki pral nan avantay tout moun. Li pwomèt tou pou l’ dirije peyi a avèk imilite e’l ajoute « pouvwa pa pral chanje li ». Msye Zapatero pran angajman tou pou’l fè lit kont teworism nan premye priyorite li. Rezilta eleksyon espayòl yo se yon kou di pou premye minis sòtan an, Jose Maria Aznar, ki te espere li pral pase mayèt la bay kandida li te chwazi pou ranplase l’ sou pouvwa a, Mariano Rajoy, ki te pwomèt pou l' kontinue ak politik etranjè pwo ameriken msye Aznar la.

XS
SM
MD
LG