Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye Minis Ayisyen an Deklare Ayiti Bezwen yon Peryòd Tranzisyon 2 zan Anvan Eleksyon Lib ka Dewoule nan Peyi a. - 2004-03-13


Premye minis ayisyen an, Gérard Latortue, di peyi dAyiti-ke twoub politik finn ravaje-pral bezwen yon preyòd tranzisyon 2 zan anvan’l organize eleksyon lib. Nan yon entèviou li bay jounal New York Times, msye Latortue deklare li vle bay tout pati politik ak tout kandida menm chans lan. Li ensiste ke’l vle mete sou pye yon gouvènman avèk teknisyen ki gen "lespri endepandan". Premye minis Latortue kontinye pou’l di « jwenn yon peyi azil pou ansyen prezidan ekzile a, Jean-Bertrand Aristide, se yon premye pa enpòtan pou geri Ayiti ». Li ajoute tou ke yo dwe dezame bann patizan ame msye Aristide kap sikile nan peyi a. Yon lòt kote, msye Latortue fè konnen vendredi ke’l te telefone premye minis Jamayik la, P. J. Patterson, pou di’l envitasyon Kingston voye bay ansyen prezidan an pou’l vinn pase 10 semèn Jamayik la, pa yon jès zanmitay e’l ka kreye tansyon nan Pòtoprens. Chèf gouvènman ayisyen an endike msye Patterson ba’l asirans envitasyon an se « yon senp jès imanitè ». Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide, ki an’n ekzil nan Repiblik Santr’Afrik depi’l kite Ayiti 29 fevriye, gen pwojè ale Jamayik avèk madanm li semèn kap vini an pou ya’l wè 2 pitit yo. Premye minis Patterson te anonse nouvèl la jedi, men li ensiste pou di msye Aristide pap chèche azil politik nan Jamayik. Antretan, merinn ameriken yo rapòte nèg ak zam tire sou yo vendredi nan katye Sen-Maten, alantou kapital la, Pòtoprens. Ensidan sa a rive nan moman fòs miltinasyonal la ak polisye ayisyen yo koumanse ap dezame eleman ki pa gen lisans pou yo pote zam—yon fason pou wè si yo ta redui zak vyolans nan peyi a. Jedi, 2 ayisyen te jwenn lanmô yo e 6 lòt pou pi piti te blese nan yon boukantay kout zam ant patizan ansyen prezidan Aristide ak fòs polis nasyonal la. Anfen, otorite kanadyen yo anonse yo kenbe kòm prevni ansyen chèf sekirite msye Aristide la, Oriel Jean, ke yo arete mèkredi swa nan ayewopò vil Toronto a. Msye Jean te sòt nan Repiblik Dominikèn ansanm ak madam li. Otorite kanadyen yo di yo kenbe msye paske yo sispèk msye ka te komèt krim kont limanite ann Ayiti.

(Pou plis devlopman sou aktyalite a nan peyi dAyiti, ale agòch sou paj wèb nou an e klike sou "pwogram" epi klike ankò sou emisyon 22.00 zè a)

XS
SM
MD
LG