Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon nan Sistèm-Tren Madrid la. Bilan 198 Moun pou piti Mouri e Mil 400 Lòt Blese - 2004-03-12


Responsab espayòl yo anonse yo dekouvri yon bus avèk ekipman pou deklanche eksplozyon ak plizyè "tep-adezif" ki genyen vèsè liv Koran an enskri sou yo. Yo fè dekouvèt sa a kèk è’d tan apre eksplozyon ki fè anpil san koule nan kapital espayòl la jedi 11 mas la. Minis afè étranjè Espay la, Miguel Angel Acebes, anonse dekouvèt la nan moman lapolis ap anketè sou atak yo ki touye 198 moun pou pi piti e blese mil 400 lòt. Anvan sa, msye Acebes te di li pa genyen dout nan tèt li se gwoup Bask "ETA"--kap chèche kreye yon Eta separe nan Sud Espay--ki dèyè atanta-yo ki rive 3 jou anvan eleksyon jeneral ki fikse pou dimanch kap vini an. Otorite espayòl yo fè konnen se apeprè 10 eksplozyon ki fèt preske anmenm tan kont (ou) tou pre 3 estasyon tren pandan “heure de pointe” nan kapital espayòl la--sètadi, nan lè tout moun ap pare pou y’al nan travay yo. Lidè branch politik Pati separatis Bask la, Batasuna, demanti atanta yo se travay gwoup li a, ETA, e li di li kwè pito zak sa a se aksyon sa li rele "Rezistans Arab la".

Chèf l'Eta atravè lemond kondane eksplozyon yo. Prezidan George Bush te telefone premye minis Jose Maria Aznar pou eksprime’l lapenn li e'l kondane zak sa a. Sekretè D’Eta Colin Powell di “pa gen okenn pretèks politik ki kapab jistifye asasinay moun inosan”. Lidè nan Kongrè ameriken an tou kondane atanta a. (L'Espay se yon gwo alye Etazini nan lagè kont teworism nan e'l te voye sòlda al fè pati koalisyon Washington te mete sou pye pou envazyon Irak la, ane pase)

Nan Nouyòk, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, eksprime menm santiman yo, tandiske Konsèy Sekurite a (tout manm yo, san manke youn) adopte yon rezolusyon ki kondane atak la. Prezidan franse a, Jacques Chirac, kondane tou vyolans lan e’l fè ranfòse sekirite nan zòn fwontyè ki separe Lafrans ak peyi Bask Espayòl la. Nan Grande Bretagne, premye minis Tony Blair deklare atak sa yo pwouve, nap site:nou tout dwe travay ansanm, sou plan entènasyonal, pou'n pwoteje popilasyon nou yo kont kalte atak sa yo e ranpòte la viktwa sou teworism nan". Prezidan russ la, Vladimir Putin, kalifye eksplozyon yo kòm yon "zak barbar". Premye minis chinwa a, Wen Jibao, kondane ak tout fòs li atak la nan yon lèt li voye bay premye minis espayòl la, Jose Maria Aznar. E anfen prezidan iranyen an, Mohammed Khatami, kalifye eksplozyon an kòm "yon vyolasyon valè moral ak prensip diven yo".

XS
SM
MD
LG