Accessibility links

Breaking News

Demisyon Aristide la Kontinye Soulve Deba Nan Kongrè Ameriken an - 2004-03-11


Dosye Ayiti a te sou tapi a mèkredi 10 mas la nan Kongrè ameriken an. Kèk demokrat ap reklame yon ankèt endepandan sou depa Aristide. Asistan-Sekretè deta pou rejyon Amerik yo, Roger Noriega, rejte tèz kou deta ak anlèvman an e li deklare Etazuni toujou ap defann rejim demokratik men li pa gen okenn obligasyon pou li ede lidè k' ap komèt move zak.

Si ou klike nan tèt atik sa a, ou va tande vwa Msye Noriega ak plizyè manm Kongrè a, nan repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG