Se pa nan Ayiti sèlman nominasyon Ekonomis Gérard Latortue pwovoke reyaksyon pozitif. Malgre rezèv kèk pèsonaj eksprime sou fason tranzisyon an dewoule nan peyi a ak enkyetid yo genyen pou peyi a, sitou kesyon sekirite a, se konpliman fo-pa-plis nouvo Chèf Gouvènman an ap jwenn toupatou nan Dizyèm Depatman an, kidonk pami Ayisyen ki lòt bò dlo yo. Youn ladan yo, Avoka Olicier Pieriche, ki nan Reconstruire Haïti, inc. kwè Msye Latortue byen plase pou dirije gouvènman peyi d Ayiti nan moman sa a. Anfèt, depi nan dat 7 janvye, Mèt Pieriche te di Lavwa d Lamerik li pwopoze Gérard Latortue pou pòs Premye Minis. Kouman li santi l' jodi a? Li reponn kesyon sa a nan mikwo Chérubin Dorcil.