Accessibility links

Breaking News

Etidyan nan vil Jérémie-Depatman Grand'Anse nan peyi DAyiti-Denonse Pozisyon Evèk Willy Romélus Sou Demisyon Prezidan Aristide 29 Fevriye Pase a. - 2004-03-10


Etidyan nan vil Jeremie(Grand'Anse, Haïti) pa vire lang nan bouch yo pou kritike deklarasyon Evèk Depatman Grand’Anse lan, monseyè Willy Romélus, ki te kondane ak tout fòs li dechoukaj prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a. Semèn pase, monseyè Romélus (yon alye solid msye Aristide) ki trè popilè e enfliyan anpil nan Jérémie, te denonse depar msye Aristide la e akize prezidan ameriken an, George W.Bush, kòm responsab demisyon prezidan ayisyen an. Monseyè a tou te mande pèp ayisyen mobilize pou pwoteste kont "sa'k pase nan peyi Dayiti a, paske-nap repete pwòp deklarasyon li-menm bagay la ka rive tou lòt kote". Madi 9 mas la, etidyan nan Jérémie ki preske pat fè pale de yo pandan dènye moman kriz politik Ayiti a, te pran lari pou kritike Evèk Romélus e rele chalbari dèyè li.

(Yon repòtaj Luckner Laguerre)

XS
SM
MD
LG