Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Konsèy Saj la nonmen Msye Gerard Latortue kòm Premye Minis Peyi dAyiti - 2004-03-10


Msye Latortue pral dirije gouvènman an ann atandan yo fè eleksyon. Gerard Latortue ranplase Yvon Neptune. Nouvo premye minis la te minis afè etranjè ann Ayiti an 1988 sou gouvènman prezidan Leslie Manigat a.

Nominasyon sa a fèt plis pase yon semèn aprè demisyon prezidan Jean-Bertrand Aristide. Msye Aristide kontinye ap ensiste pou l di jiskounye se li ki prezidan Ayiti. Sekretè deta ameriken an, Colin Powell, rejte deklarasyon Msye Aristide la e li fè konnen ansyen prezidan an fèt pou l kite Ayiti travay sou avni li.

Pandanstan, ajans nouvèl Reuters anonse avoka Msye Aristide yo mande minis jistis Etazini an pou louvri yon ankèt sou sa l rele "anlèvman Etazini te fè sou Msye Aristide pou l te ka fè yon kou deta".

Yon lòt kote, Marines ameriken ki fè pati fòs miltinasyonal LONU kap chèche stabilize Ayiti a, fè konnen: mèkredi yap kòmanse ede lapolis ayisyen dezame tout moun ki gen zam yon fason ilegal. LONU fè konnen lap voye kèk ekspè ann Ayiti pou evalye bezwen ki genyen nan domèn sekirite a ak nan domèn imanitè a.

XS
SM
MD
LG