Accessibility links

Breaking News

Prezidan Boniface Alexandre Kondane Vyolans Ki Fè San Koule Nan Vil Pòtoprens Dimanch 7 Mas la. - 2004-03-09


Prezidan pwovizwa ayisyen an, Boniface Alexandre, kondane zak vyolans ki fèt nan Pòtoprens kote 6 moun pèdu lavi yo e plizyè dizèn lòt blese dimanch 7 mas la. Nouvo dirijan an mande fòs polis nasyonal la mennen ankèt pou jwenn responsab yo. Msye Alexandre fè deklarasyon sa a nan diskou "intronisation officielle" li, yè lendi a, nan Pòtoprens. Prezidan an te tou pwofite okazyon an pou l' di li entèdi tout fòm “exclusion Politique” nan peyi dAyiti.

(Yon repòtaj Jean-Max Blanc, depi vil Pòtoprens)

XS
SM
MD
LG