Accessibility links

Breaking News

Lidè PDCH la Bat Bravo Pou Chanjman Politik k'ap Fèt nan Peyi a - 2004-03-01


Mèt Osner Févry di dwe genyen yon rekonsilyasyon nasyonal pou soti Ayiti nan pakèt kriz li yo. Mèt Févry se lidè PDCH, Pati Demokrat-Kretyen Ayisyen an, ki nan kowalisyon pati politik opozisyon an ki pa nan Konvèjans Demokratik la, men ki kolabore ak Konvèjans la. Li aplodi depa Aristide la. Li plede anfavè yon tranzisyon serye pou demokrasi ka kòmanse pouse rasin nan peyia. Li rejte kazak rebèl opinyon piblik entènasyonal la mete sou do ansyen militè ki te soulve pou dechouke rejim Lavalas la. Epitou, msye Févry pale ak nou sou avni politik pa l' li-menm.

XS
SM
MD
LG