Accessibility links

Breaking News

Prezidan Aristide Pati Kite Ayiti! - 2004-02-29


Jean-Bertrand Aristide, ki te repran pouvwa a nan yon eleksyon tèt-chaje sa gen apeprè twa zan, finalman kite peyi dAyiti, anba yon melanj presyon ki te soti nan twa direksyon: rebèl ame ki te menase pou yo atake kapital la, opozisyon demokratik la ki te kontinye ap reklame depa li, epi gwo tèt nan kominote entènasyonal la ki te mande aklè pou li bay demisyon n, yon fason pou kriz la ka rezoud san plis san pa koule.

Sepandan, anvan Msye Aristide te finalman bay legen, patizan n' yo, sa yo rele Chimè yo, te mache kraze-brize nan Pòtoprens ak ti zòn ki sou kote l' yo, kote yo boule, piye, touye e simen latèrè pou tout kouch nan popilasyon an, sitou moun yo idantifye tankou sipòtè opozisyon an oubyen menm kèk jounalis etranje.

Dapre premye nouvèl yo, Msye Aristide ta gen entansyon mande azil politik swa nan peyi Mawòk, swa nan Tayiwann, oswa nan Panama. Ajans nouvèl Associated Press site deklarasyon pwòch asosye Aristide, pa egzanp Leslie Voltaire, ki ta di lidè Lavalas la ale nan peyi panyòl.

Kounye a anpil demach ap fèt pou konnen tranzisyon an pral fèt ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG