Accessibility links

Breaking News

Kapital Ayiti a, Pòtoprens, Kal Jodi Samdi 28 Fevriye a Apre Entèvansyon Anbasad Ameriken an Pou mande Prezidan Aristide di Patizan'l yo Sispann Fè Vyolans. - 2004-02-28


Anbasad Ameriken nan Pòtoprens publiye yon nòt nan kapital ayisyèn nan--nòt kote li mande prezidan Aristide lanse modòd bay patizan’l yo pou di yo sispann sa anbasad la rele“vyolans avèg” chimè yo ap fè sou populasyon sivil la e kont edifis publik ak etablisman finansye yo nan kapital la, Pòtoprens. Gang eleman ak zam kap apiye msye Aristide yo ap simaye laterè depi vendredi nan vil Pòtoprens; yo monte barikad, bloke wout e ap vòlè otomobilis yo jwenn sou wout yo. Plizyè kretyen vivan pèdi lavi yo nan vyolans sa a. Anbasad amerikèn nan di eleman ki se patizan prezidan Aristide yo te mele nan plizyè zak ensandi ak piyaj kont populasyon sivil la--e yo menm atake lopital. Deklarasyon an kontinue pou di, msye Aristide dwe konprann ke “onè’l, repitasyon li ak eritaj lap kite konsènan pasaj li sou pouvwa a an’n Ayiti an jeu kounye a”.

Vyolans sa a ap devlope nan moman rebèl ki anba kòmandman ansyen chèf polis rejyonal la, Guy Philippe, rive a kèk kilomèt kapital la. Anbasad la lanse apèl tou bay rebèl yo pou mande yo “kanpe avans yo sou vil Pòtoprens” pou evite plis vyolans nan vil la.

XS
SM
MD
LG