Youn nan lidè opozisyon ayisyen-an, Paul Denis, pa kwè ditou nan apèl prezidan Jean-Bertrand Aristide voye pou mande patizan'l yo sispann zak vyolans ya'p komèt depi vendredi 27 fevriye a nan Pòtoprens, kote yo piye wàf la, magazen, bank ak lòt edifis ekonomik nan kapital la; chimè atake san gad dèyè otomobilis, volè lajan e pati e ak machinn yo; yo menm atake yon lopital (lopital Canapé-Vert) elatriye. Msye Denis di deklarasyon msye Aristide fè jodi a se pou fè kominote entènasyonal la plezi, men situasyon an sou teren an pa koresponn ditou ak apèl li a paske atak-yo, dapre sa'l di, pa sispann.