Yon lòt siy ki fè wè pozisyon Prezidan Aristide ap febli nan kominote entènasyonal la: Sekretè Deta ameriken an, Colin Powell, deklare jedi swa ke lidè ayisyen an, ki an difikilte, ta dwe konsidere avèk anpil atansyon si li kapab vrèman rete nan pos-li e fè yon travay ki efikas.