Accessibility links

Breaking News

Etazini Toujou ap Chache Yon Solisyon Pasifik pou Kriz Ayisyèn nan - 2004-02-27


Prezidan ameriken an George Bush fè konnen li toujou ap chache yon solisyon pasifik pou kriz la an Ayiti. Pandan Msye Bush te pran lapawòl vandredi 27 fevriye a, li deklare lap fè plan pou yon fos milti-nasyonal ale nan peyi a, si yo jwenn yon solisyon politik pou yon mouvman rebelyon ki la depi 3 semèn. Dapre Pentagòn nan, youn nan posiblite otorite ameriken yo ap anvizaje, se pou Lèzetazini ta voye yoon detachman naval kap genyen 3 bato chaje ak "marines" pou y'al pran pozisyon bo kot peyi d Ayiti. Zak briganday ap dewoule nan Potoprens, kote gang ame kap apiye gouvènman Aristide la ap prepare pou yo fè fas ak rebèl ki menase pou yo mache pran kapital la. Ni Lèzetazini ni Lafrans kite moun konprann yo dispoze apiye tout desizyon prezidan Aristide ta pran pou l bay demnisyon-n, men lidè ayisyen an refize kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG