Accessibility links

Breaking News

Opozisyon Ayisyèn nan Voye Jete Plan Lèzetazuni, Lafrans , Kanada ak Karicom Pwopoze pou Mete Fen Nan Kriz Politik la, Men Washington Di Li Pap abandonen Efò Pou Konvenk Lidè Opozisyon an Aksepte Dokiman an. - 2004-02-26


Opozisyon an nan peyi Dayiti voye jete madi 24 fevriye a plan ki vize mete yon pwen final nan kriz politik Ayiti a--plan Lèzetazuni,Kanada, OEA Lafrans ak Kominote Karayib la(CARICOM/Karikòm)apiye. Premye minis ayisyen an, Yvon Neptune, pa kache desepsyon li devan desizyon opozisyon an e'l mande pèp ayisyen an kontinue goumen anfavè Demokrasi. Bò pa li, prezidan ameriken an, George Bush, di li kontinue espere yon solusyon pasifik ant gouvènman ayisyen an ak rebèl yo e'l apiye wòl Karikòm kap travay ak pati konsène yo pou jwenn yon solisyon pasifik pou kriz la. Msye Bush ajoute "lap suiv evolusyon sitasyon an ak anpil atansyon". Antretan, nan vil Pòtoprens, sivil ak zam--kap apiye rejim Lavalas la-- monte barikad nan plizyè katye kapital la tandiske nouvèl yo fè konnen genyen anpil polisye kap abandonen pòs yo.

XS
SM
MD
LG