Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Kominote Entènasyonal la ap Rive Ayiti nan Weekend nan pou Met’ Presyon sou Prezidan Aristide pou l respekte Angajman li - 2004-02-19


Yon delegasyon ki gen reprezantan Etazini, Kanada, Lafrans ak reprezantan CARICOM genyen pou l rive ann Ayiti samdi 21 fevriye 2004 la, pou fè presyon sou prezidan Ayisyen an Jean-Bertrand Aristide pou l respekte angajamn li te pran pou l fè refòm nan peyi a. Anons sa a parèt aprè lidè rebèl yo, ansyen chèf polis Guy Philippe, te mande pou kominote entènasyonal la mande prezidan Aristide bay demisyon l avan rebèl yo antre nan palè a.

Pandanstan, Etazini ap prezante yon plan bay prezidan Jean-Bertrand Aristide e bay opozisyon an jedi 19 fevriye a, nan kad efò ki vize mete fen nan kriz peyi a ap travèse a. Plan sa a, ki gen apwi kominote entènasyonal la, pa mande pou prezidan Aristide bay demisyon l. Sepandan sekretè deta ameriken an Colin Powell deklare nan jounen jedi a si pati konsène yo jwenn yon akò ki mande pou prezidan Aristide bay demisyon l, pa gen problèm. Nan yon diskou prezidan Aristide fè, li di li prè pou l mouri pou defans peyi li, Ayiti.

Antretan, depatman defans Etazini an, Pentagon nan, fè konnen lap voye yon vyep ti ekip militè nan peyi dAyiti pou al evalye kondisyon sekirite yo nan anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens. Pòt paròl Pentagon nan, Larry DiRita ensiste pou l di gouvènman Bush la espere kriz Ayiti a dwe rezoud gras ak yon antant pasifik e politik. Ekip militè sa a kapab genyen 3 ou 4 mounn ladan l. Yo pral evalye sekirite diplomat ameriken yo.

XS
SM
MD
LG