Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rebèl yo Jwenn Apui Ansyen Sòlda Nan Kanpay Anti-Aristide la - 2004-02-18


Men yon dosye konplè sou nouvèl Ayiti yo. N'ap tande divès repòtaj ki soti nan Plato Santral, Latibonit, Okap Ayisyen ak nan kapital la, Pòtoprens. Angwo, laprès fè konnen fòs rebèl yo ap kontinye vanse, pandan y'ap kwape polisye ak sivil ame ki ap soutni rejim Lavalas la. Sepandan, kominote entènasyonal la, sitou gouvènman ameriken, deklare klè fòk kriz Ayiti a rezoud pa mwayen dyalòg ak konpwomi olye de yon rebelyon ak zam.

Nan menm jounen madi 17 fevriye a, Etazini anonse l'ap bay L'ONU lajan pou asistans imanitè ann Ayiti. Koute detay pwen sa yo nan dosye nou prepare maten an, ak patisipasyon Marie-Luce Pierre, Chérubin Dorcil, Jean Robert Philippe, Lyonel Desmarattes, anvwaye espesyal nou nan Pòtoprens Jim Teeple, epi korespondan nou Rotchild François, Jr, Jn-Christophe Collègue, D. Jonathan Joseph, ak yon jounalis ki nan vil Okap.

XS
SM
MD
LG