Etazini, CARICOM, OEA ak Canada yo tout mete vwa yo ansanm pou yo di yo apwiye plan CARICOM nan pou rezoud kriz Ayiti a e ke yo pap aksepte okenn solisyon ki pa ann akò ak konstitisyon Ayiti e ki pa ann akò ak demokrasi. Pami pèsonalite ki te patisipe nan rankont sila a, genyen sekretè deta ameriken an Colin Powell, asistan sekretè deta ameriken pou afè emisfè oksidantal la Roger Noriega, sekretè jeneral OEA a, César Gaviria, minis afè etranjè Canada a Bill Graham, ak yon delegasyon CARICOM ki gen nan tèt li minis afè etranjè Jamayik la, K-D Knight.
Sekretè deta Powell deklare klèman Etazini pap aksepte okenn plan ki vize retire prezidan Aristide sou pouvwa a. Opozisyon Ayisyen an fè konnen plan CARICOM nan pap kapab rezoud kriz Ayiti a.
Paul Dennis di Lavwad’lamerik menm si patisipan nan rankont Washington nan apwiye plan CARICOM nan, opozisyon an pral kontinye fè manifestasyon pou mande demisyon prezidan Aristide e ke se droi yo pou yo fè sa. Ronald Cesar te kouvri konferans ki te bay nan Depatman deta aprè rankont la.