Accessibility links

Breaking News

Kouman Relijyon Enfliyanse Chwa Elektè Ameriken yo - 2004-02-12


Sa pa gen twò lontan, relijyon yon moun, pi presizeman nou ta dwe di konfesyon ni ou denominasyon ni, te reprezante yon gwo endikatè sou fason li vote. Pwotestan nan pati nò Etazini, ki nan sant sèn politik la, souvan vote pou repibliken, tandiske Jwif ak Katolik gen tandans vote pou demokrat. Sepandan, alèkile, gen yon nouvo aspè ki karakterize wòl relijyon nan politik amerikèn nan.

Nouvo eka nou remake a se ant sila yo ki di yo frekante legliz, moske ak sinagòg regilyèman ak sila yo ki pa twò fidèl. Òganizasyon Pew Research Center te fè yon sondaj sa pa gen lontan, kote li dekouvri 63-pousan Ameriken ki al adore plis ke yon fwa pa semèn se pou repibliken yo vote...tandiske 62-pousan moun ki di se yon lè konsa yal legliz, yo vote pou demokrat.

Ki rezon ki fè eka ant elektè relijye ak sila yo ki pa tèlman relijye te vin pi laj nan ane 1990 yo? Se kesyon sa a, antwòt, nou abòde ak envite Paj Relijyon an jodi a, Mark Silk ak Amy Sullivan. Nou va konn' plis sou yo ak opinyon yo sou dosye a si nou klike sou lyen ki nan tèt atik sa a.

XS
SM
MD
LG