Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Polisye ak Sivil Ame Lavalas Repran Kontwòl Kèk Zòn - 2004-02-10


Nasyonzini avèti gen posibilite pou gen yon kriz imanitè eklate ann Ayiti nan moman nèg ame kap mande demisyon gouvènman an kontinye ap simen latèrè sou kòt nò peyi a. Responsab pwovizwa Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun nan, Bertrand Ramcharan, mande yon fen tousuit nan leve-kanpe k'ap fèt kont pouvwa Lavalas la depi 5 jou.

Plis pase 40 moun mouri nan lese frape yo. Radyo ann Ayiti rapòte patizan gouvènman an drese barikad nan vil Kap-Ayisyen pou anpeche nèg ame yo antre nan vil. Nouvèl yo rapòte opozisyon an bay group ame yo yon bwa long kenbe lè yo fè konnen yo vle mennen yon lit pasifik pou gen refòm demokratik nan peyi a.

Pandansetan, korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François, Jr. di nou malgre nouvèl ki di plizyè polisye mouri nan afwontman ak gwoup ame yo, yon responsab Lavalas deklare jodi a se sèlman yon mò yo anrejistre nan Polis Nasyonal la. Koute repòtaj li a pou plis detay.

XS
SM
MD
LG