Etidyan ayisyen pran lari lendi nan kapital ayisyen an, Pötoprens, yon jou apre chita-pale Prezidan Jean-Bertrand Aristide te gen ak lidè Komunote Ekonomik Peyi Karayib yo (CARICOM) ki mande'l tolere manifestasyon nan peyi a. Korespondan nou nan Potoprens Jean Max Blanc gen detay.