Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Delivre Mesaj li sou Eta Inyon an - 2004-01-21


Prezidan George W. Bush delivre Mesaj sou eta Inyon an madi swa devan 2 chanm Kongrè a reyini ansanm. Msye Bush te abòde plizyè tèm ki pral, sètènman, make kanpay elektoral li a ane sa a.

Ane pase, Mesaj sou Eta Inyon an, te prezante kèk rezon pou jistifye envazyon Irak la. Ane sa a, Prezidan Bush te sèvi ak okazyon an pou li selebre dechoukay rejim Saddam Hussein nan.

Sou tablo sa msye Bush rele siksè gouvènman n nan nan ane ki sot’ pase a, nou jwenn desizyon rejim Libyen an pran pou li abandone tout pwogram zam fann fwa, kit se zam chimik, byolojik ou nikleyè.

Kontrèman ak tradisyon Mesaj sou Eta Inyon an, prezidan an te tabli dabò sou dosye entènasyonal, anvan li te abòde tèm nasyonal yo. Li site pwogram fòmasyon, rediksyon enpo li ta renmen ki vin pèmanan, refòm nan domèn imigrasyon pou pèmèt travayè etranje jwenn papye tanporè pou yo fonksyone Ozetazini, epi lwa ki ta nesesè pou refòme sistèm finansman swen sante pou granmoun aje yo.

XS
SM
MD
LG