Depite Nancy Pelosi, Senatè Tom Daschle ak Senatè ted Kennedy pami demokrat ki te reyaji sou diskou Msye Bush la. Lyonel Desmarattes ranmase tout reyaksyon ofisyèl pati opozisyon an, kote lidè sa yo te kritike Msye Bush ni pou dosye Irak la ni pou kesyon nasyonal tankou taks ak refòm nan domèn lasante.