Enkonu ak zam otomatik sabote plizyè emetè radyo endepandan kap travay nan kapital ayisyèn-nan. Nan atak sa a asayan yo detwi tou materyèl yon radio kap apiye pouvwa Lavalas la. Enjenyè Fritz Joassaint, mèt sit kote antèn radio sa yo sitiye a, e ki gen estasyon pa li, Radio Magic FM, viktim nan zak sabotaj la, ap di laprès dimansyon dega li konstate sou sit la.