Accessibility links

Breaking News

Paj Relijyon an: Yon Kout Je sou Zoroastriyen yo - 2004-01-12


M'ap envite nou dekouvri yon gwoup ki egziste depi plizyè milye lane, men poutan pa gen anpil moun ki konnen li.

Anwetan sèk entelektyèl yo ak yon afè de 300-mil kwayan, pa gen anpil moun menm ki konnen ansyen pwofèt iranyen Zoroastre ak sa li te anseye.

“Poutan, sa gen sèlman mil ane, dè milyon, dè e dè milyon te aksepte presep monoteyis Zoroastre yo nan divès nasyon soti nan ansyen vil chinwaz Sian, pase nan lès peyi Lachin, travèse Azi santral la, rejyon nò End, Iran, Azi Minè, Mezopotami, moute nan Lagrès ak Arabi, pou redesann nan Afrik du nò ak Etyopi.”

Se pawòl Adi Davar, yon manm konsèy Òganizasyon Mondyal Zoroastriyen yo, ki t'ap pran pa nan yon seminè sou relijyon sa a, nan lokal bibliyotèk Kongrè a, isit Washington. Non Zoroastre la soti nan yon rasin Grèk. Nou ka tande tou Zarathustra, ki soti nan Perse. Nan tan lontan, Pèsan yo te kwè nan anpil dye, tankou pifò tribi nomad nan epòk la, dayè. Zoroastrim nan te entèdi sistèm ak plizyè bondye e li mete nan plas li yon doktrin monoteyis, ki vle di ak yon sèl bondye. Zoroastre te pran youn nan dye ansyen relijyon Iran an, Ahura Maza, ke li te pwoklame "dieu unique". Epi te gen sèvis ak dife ki rete jouk jounen jodi prensipal mak fabrik adorasyon zoroastriyen yo.

XS
SM
MD
LG