Accessibility links

Breaking News

Depatman deta Ameriken Mande pou Gouvènman Ayisyen an Sispann Reprime Manifestasyon pasifik - 2004-01-09


Pòt pawòl depatman Deta a, Richard Boucher, fè konnen gouvènman ameriken an kondane ajisman giouvènman Aysyen an pandan manifestasyon politik mèkredi 7 janvye 2004 la nan Pòtoprens. Msye Boucher fè deklarasyon sa a vandredi a nan Depatman deta isit Washington:

“Nou kondane aksyon gouvènman aysyen an poze an repons ak manifestasyon politik ki te fèt nan dat 7 janvye a nan Pòtoprens. Polisye, owmens kèk polisye ki te nan manifestasyon sa yo te kolabore ak gang ki te gen gro zam lou nan men yo pou yo te atake manifestan yo. Nou kwè ke aksyon sa yo kontrè ak pròp deklarasyon gouvènman an te fè, lè l te di ke lap chèche fè konpromi. Nou lanse apèl bay gouvènman ayisyen an pou l mete fen imedyatman nan efò lap fè pou l siprime manifestasyon pasifik kap fèt kont gouvènman an.”

Msye Boucher ajoute yon gouvènman ki vle pou yo konsidere l kòm gouvènman demokratik pa kapab kontinye sèvi ak gang pou fè zak vyolans e simen latèrè. Depatman deta mande pou gouvènman aysyen an pini otè zak vyolans yo e fè refòm fondamantal ki nesesè pou retablisman eta de droi nan peyi dayiti, ann akò ak rezolisyon 822 Oganizasyon Eta Ameriken yo, OEA.

Rezolisyon 822 a mande pou Ayiti tabli yon klima sekirite ki nesesè pou fòmasyon yon konsèy elektoral kredib, neutre e endepandan, e ki tap ede retire peyi a nan yon enpas politik li trouve l depi eleksyon palmantè Me 2000 yo.

Jedi a, yon otorite ameriken te deklare li sèten kriz Ayiti a pral fè sijè diskisyon yo nan konferans lidè peyi nan emisfè oksidantal la, ki pral fèt nan vil Monterrey nan peyi Meksik lendi 12 ak madi 13 janvye 2004 la. Prezidan ak premye minis kap sòti nan 34 peyi demokratik nan emisfè oksidantal la pral reyini o Meksik pou yo evalye progrè ki fèt depi somè Amerik 2001 an e ekzaminen mezi peyi yo kapab pran pou jwenn kwasans ekonomik, ankouraje devlopman sosyal e ranfòse gouvènman demokratik.

XS
SM
MD
LG